Tradiksyon Lang Sit Entènèt la

Si w ap sèvi avèk yon òdinatè biwo oswa yon laptòp epi ou ta renmen tradui tèks yon sit entènèt nan yon lòt lang, tanpri ale nan paramèt navigatè w la. W ap jwenn enstriksyon sou kijan pou chanje lang ou pi pito a nan kat navigatè prensipal yo pi ba a.

Si w ap sèvi ak yon aparèy mobil, ou kapab chanje lang pa defo a nan paramèt aparèy ou a.

Google Chrome:

  1. Ouvè Chrome
  2. Klike sou twa pwen yo ki anwo adwat nèt.
  3. Chwazi Settings
  4. Klike sou Advanced, epi apre sa klike sou Languages
  5. Klike sou Languages pou agrandi paramèt la. Lè paramèt la vin gran, klike sou twa pwen yo ki sou kote lang ou pi pito a (oubyen, ou gen dwa gen pou ajoute yon lang), epi apre sa make ti kare ki sou kote Display Google Chrome in This Language.


Safari:

  1. Ouvè Safari
  2. Klike sou senbòl pòm ki anwo agòch la
  3. Chwazi System Preferences
  4. Klike de fwa sou Language & Region
  5. Anba Preferred Languages, ajoute lang ou pi pito a.
  6. Lè ou fin ajoute yon lang, y ap mande ou si ou vle sèvi ak lang sa a kòm lang prensipal ou. Chwazi lang ou ta renmen itilize a.
  7. Ou gen dwa gen pou relanse Safari pou chanjman yo fèt.


Edge:

  1. Ouvè Edge
  2. Klike sou twa pwen yo ki anwo adwat nèt.
  3. Chwazi Settings.
  4. Klike sou Languages
  5. Klike sou Add Languages epi ajoute lang ou an.
  6. Sou lang ou an, klike sou twa pwen yo epi chwazi Move to the Top, epi make Offer to translate pages in this language.


Firefox:

  1. Ouvè Firefox.
  2. Klike sou twa liy yo ki anwo adwat nèt.
  3. Chwazi Preferences.
  4. Nan seksyon Language la nan panno General la, chwazi yon lang nan meni k ap dewoule a.
  5. Chwazi lang ou pi pito a pou paj yo afiche.
  6. Ou gen dwa gen pou relanse Firefox pou chanjman an fèt.

Egzonerasyon Responsabilite: Sit entènèt NY.gov la bay enstriksyon sou kijan pou w sèvi ak navigatè w lan pou ede w li sit entènèt NY.gov la nan lang ki pa angle. Se pa yon sèvis NY.gov, men enstriksyon jeneral sou kijan pou sèvi ak yon founisè tyès pati (nan ka sa a, Chrome, Safari, Edge, oswa Firefox) pou tradui paj entènèt ny.gov yo nan lòt lang. Navigatè sa yo pa kapab tradui tout kalite dokiman e yo gen dwa pa bay tradiksyon egzak. Yon moun ki konte sou enfòmasyon li jwenn sou navigatè li an ap fè sa a pwòp risk pa li. Eta New York pa fè ankenn pwomès, ni bay ankenn asirans, ni garanti nan sa ki gen pou wè ak fidelite tradiksyon an. Eta New York, ofisye, anplwaye, ak/oswa ajan li yo p ap responsab ni donmaj ni pèt kèlkeswa nati yo ki rive poutèt, oswa an rapò ak, itilizasyon oswa pèfòmans enfòmasyon sa yo, sa gen ladan pami lòt bagay, donmaj oswa pèt akòz ou konte sou egzaktitid enfòmasyon sa yo, oswa donmaj ki rive poutèt ou gade, distribye, oswa kopye tèks sa yo.